Ou bezwen penyen, fè makeup oubyen penyen dread? Pou nenpòt okazyon an, se kite Fabie Klere w!
Nou ofri plizyè kalite sèvis, nou mete lace, penyen locs e nou fè makeup. Pou w pran randevou a, wap peye yon deposit non-ranbousab, epi jou w vin penyen an wap bay rès kòb la.
Mwen se yon pwofesyonel e mwen pasyone de sa map fè a. Depi plis ke 5 lane nou nan Columbus nap klere moun yo ak tout modèl penyen.
Nan Fabie Hair Design nou pa selman mete lace, nou penyen dread, nou fè makeup e nou fè fòmasyon tou pou moun ki bezwen apprann penyen. Toujou rete an kontak avèk nou pou w konnen kilè nap gen klas.
Kontakte m
Swiv nou sou rezo yo pou nou ka toujou rete konekte ansanm.
Map reponn ou pi vit ke posib.
Ekri m sou WhatsAppNou touche yon frè rezèvasyon pou nenpòt randevou ou vle pran, e kòb rezèvasyon an ap soti nan pri total sèvis wap pran.
Ou ka toujou chanje dat randevou a si w di m sa pou piti yon jou davans. Si w rete konsa w pa vini wap pèdi kòb randevou a.
Si w santi wap an reta pou kèk minit ou dwe kontakte nou pou w fè n konnen. Si w an reta plis ke 30 minit wap peye yon frè $20 pou nou pran w.